Justice Action Center (JAC) ak Human Rights First (HRF) (Sant Aksyon Pou Jistis ak Dwa Moun An Premye) depoze plent Svitlana Doe kont Noem nan non moun ki se benefisyè ak esponnsò pwosesis pawòl imanitè–li gen ladan l pwogram pou Kiba, Ayiti, Nikaragwa ak Venezyela (CHNV), Linyon pou Ikrèn (Uniting for Ukraine, U4U), Operasyon Pou Akeyi Alye yo (Operation Allies Welcome, OAW), Pawòl pou Minè Amerik Santral (Central American Minors, CAM), Pawòl Reyinifikasyon Familyal (Family Reunification Parole, FRP), ak Pawòl an plas pou militè–epi nan non òganizasyon ki depoze plent lan ki se Haitian Bridge Alliance (HBA).

Aksyon Kolektif Svitlana Doe kont Noem

Aksyon Kolektif Svitlana Doe kont Noem

Justice Action Center (JAC) ak Human Rights First (HRF) (Sant Aksyon Pou Jistis ak Dwa Moun An Premye) depoze plent Svitlana Doe kont Noem nan non moun ki se benefisyè ak esponnsò pwosesis pawòl imanitè–li gen ladan l pwogram pou Kiba, Ayiti, Nikaragwa ak Venezyela (CHNV), Linyon pou Ikrèn (Uniting for Ukraine, U4U), Operasyon Pou Akeyi Alye yo (Operation Allies Welcome, OAW), Pawòl pou Minè Amerik Santral (Central American Minors, CAM), Pawòl Reyinifikasyon Familyal (Family Reunification Parole, FRP), ak Pawòl an plas pou militè–epi nan non òganizasyon ki depoze plent lan ki se Haitian Bridge Alliance (HBA).

Nan kad aksyon lajistis sa a, nou ap konteste aksyon sa yo administrasyon Trump lan pran:

  • Kanpe tretman dosye pou tout aplikasyon pou pawòl ak re-pawòl nan kad pwogram pawòl sa yo;
  • Kanpe tretman demann pou lòt avantaj imigrasyon moun ki te vin Etazini nan kad pwogram pawòl sa yo soumèt, oswa ki soumèt nan non yo.  Sa gen ladan l aplikasyon pou azil,TPS, kèk viza, ajisteman estati, ak otorizasyon travay; ak
  • Kanpe pwosesis pawòl CHNV a, epi kanpe pawòl la anvan lè pou moun yo te bay pawòl CHNV apati 24 Avril 2025 (nan delè 30 jou apre Avi Rejis Federal ki pibliye 25 Mas 2025)

Estati Aktyèl

Jij Talwani te fè de (2) odyans sa pa gen twò lontan: youn jou ki te 7 avril ladan l li te konsantre sou pwosesis kote yo kanpe pawòl pou moun ki pa fè pati CHNV (U4U, OAW, CAM, FRP, Pawòl an Plas pou Militè) ak sispansyon egzamen demann avantaj imigrasyon pou benefisyè sa yo. Epitou, gen yon lòt ki te fèt jou ki 10 avril epi li te konsantre sou Avi Rejis Federal ki te sòti jou ki 25 mas la kote yo te anile pawòl pou benefisyè CHNV yo, epi yo te kanpe demann avantaj imigrasyon benefisyè CHNV yo depoze, oswa ki depoze nan non yo.

Jij la poko bay yon òdonans preliminè konsènan pwosesis pou kanpe pawòl pou moun ki pa nan CHNV (U4U, OAW, CAM, FRP, Pawòl an Plas pou Militè), ak sispansyon demann avantaj imigrasyon benefisyè pou pwosesis pawòl sa yo ak CHNV a.

Mizajou Sou Aksyon Kolektif CHNV

Jou ki 14/4/2025, jij la te sètifye yon aksyon nan dosye sa a. Si ou se yon esponnsò oswa benefisyè CHNV, tanpri enskri la pou jwenn mizajou sou aksyon kolektif yo. Ou pa sèten si ou se yon manm aksyon an? Gade Kesyon Moun Poze Souvan yo (FAQ)!

Dènye Mizajou

Jou ki te 14 avril 2025 la, yon jij federal bloke (bloke tanporèman) revokasyon anvan lè pawòl benefisyè ki aktyèlman gen pawòl nan kad pwosesis pawòl pou Kiben, Ayisyen, Nikaragweyen ak Venezyelyen (“CHNV”). Epitou, li sètifye yon aksyon pou tout moun ki gen pawòl CHNV a ki toujou Etazini, epi ki sibi revokasyon sa a.

Gouvènman federal la te fè apèl desizyon tribinal distri a jou ki te vandredi 18 avril 2025, epi nan lendi ki vin aprè a li te mande Lakou Apèl Premye Sikui a pou bloke antre anvigè òdonans tribinal distri a pandan pati yo ap plede nan nivo apèl. Jou ki te 5 me 2025, Lakou Apèl Premye Sikui a refize demanm gouvènman an, sa ki vle di desizyon tribinal distri a rete anvigè epi benefisyè pawòl CHNV a kapab kontinye pwofite peryòd pawòl yo te bay yo a lè yo te vini a.  

Kesyon Manm Aksyon an

Si ou se yon manm aksyon an, epi ou gen kesyon sou litij nou an, tanpri fè nou konn sa anba a! Si ou pa yon manm aksyon an, tanpri kontakte ekip nou an la a.

Ou pa sèten si ou se yon manm aksyon an? Gade Kesyon Moun Poze Souvan yo (FAQ) pou jwenn plis enfòmasyon!

Kesyon Moun Poze Souvan:

Devlopman ki rive sa pa gen twò lontan pou manm aksyon yo / Aksyon Kolektif ak Manm nan Aksyon an / Pou Benefisyè ak Esponnsò Pawòl ki pa CHNV

Devlopman ki rive sa pa gen twò lontan pou manm aksyon yo

Aksyon Kolektif ak Manm nan Aksyon an

Pou Benefisyè ak Esponnsò Pawòl ki pa CHNV

Scroll to Top